Se depi kòmansman 20e syèk la, e nou ka menm ale nan lè kreyasyon nazsyon sa a, nou reyalize peyi nou an Ayiti ap fè fas ak anpil pwoblèm sosyal e politik. Jodi a, sitiyasyon an vin pi mal, kote nou wè sosyete a degrade nèt nan tout domèn (kit se: sekirite, sante, edikasyon, agrikilti e latriye).

Kòm ekzanp, an nou konsidere plan sekirite sèlman, atyèlman yon pa, gen yon kantite konsiderab Ayisyen ki tounen nomad sou tèritwa peyi nou an. Yon lòt pa menm, nou pa ka kontwole valè Ayisyen ki aletranje ki ta renmen retounen lakay yo. Imaj nou nan krayib lan degrade nèt tout, kote anpil peyi nan zòn lan, pa genyen pyès respè pou nou menm Ayisyen, nou tankou bagay ki san valè, okenn moun pa bezwen.

Malerezman pou nou, se depi endepandans nou an 1804, gwo pwisans kolonyal nan moman an, yo pat padone ti peyi a aksyon sa a, kote li te oze chanje lòd mondyal nan epòk sa ki te chita sou esklavaj. Gen anpil gwo ide ki mete sou plas pou pa kite peyi a al pi lwen, daprè vizyon Ero ki te goumen pou retire nou nan chenn esklavaj la. Malerezman, plis toujou pou Ayiti, gen anpil moun ki sanble ak vrè pitit peyi a ki ap ekzekite ide malveyan sa yo, e, kenbe yo tou nan tout kwen peyi a.

Sa pèmèt nou ka di, Ayisyen ap dechire Ayiti.

Konpatriyòt, frè ak sè Ayisyen parèy mwen yo, lè nou konstate ansanm jan peyi nou an pa gen lavi pou majorite moun ki ap viv sou teritwa a, nou dakò sa a pa bon e, li pa dwe rete konsa. Nan sans sa a, nou deside kreye yon mouvman sosyal ki rele: Koalisyon Sitwayen Responsab, sig li se KSR.

Konpatryòt, moman an rive e limenm nesesè ak mouvman sa a pou nou menm ki konsyan, fè yon tèt ansanm daprè kèk bon pwojè byen prepare, pou pèmèt nou kreye santiman fratènèl e patriyotik lakay majorite Ayisyen pou nou ka rive nan yon peyi kote la lwa, lòd ak disiplin tabli.