OBJEKTIF JENERAL:

1- Kreye e ankouraje santiman fratènèl e patriyotik lakay majorite Ayisyen.
2- Kontribriye nan kreyasyon tout sòt aktivite sosyal.
3- Motive majorite Ayisyen pou yo patisipe nan devlopman peyi a.

OBJEKTIF SPESIFIK

1- Selebre, chak fèt national oswa yon dat enpòtan tou nan youn nan depatman yo, yon kalandriye byen elabore.

2- Pèmèt, a tout moun ki ap kolabore pou avansman pwojè a nan depatman ki ap resevwa selebrasyon yon fèt nasyonal oubyen yon dat enpòtan, jwenn a kreye opòtinite ekonomik.

3- Pèmèt, a depatman ki ap resevwa yon sebrasyon genyen aktivite ki ap benefik pou popilasyon l lan.

4- Valorize tout sa ki istorik nan yon depatman ki ap resevwa yon selebrasyon

5- Ankouraje e kontribiye nan devlopman pwodiksyon lokal/nasyonal peyi a.

MOUN VIZE
Nou swete jwenn moun ki gen laj majoritè sitou. Men tou, tout moun ki ta renmen sa chanje N ap chèche yo nan tout depatman peyi a, kou aletranje.

REZILTA SWETE:

1- Jwenn ase de sitwayen posin nan chak depatman yo, e menm aletranje.
2- Kreye e amkouraje santiman papriyotik lakay pi fò ayisyen.
3- Nan chak okazyon selebrasyon yon fèt nasyonal oubyen yon dat enpòtan nan yon depatman, pèmèt a moun depatman sa a jwenn opòtinite ekonomik.

STRATEJI:

Rekòmandasyon: se yon manb mouvman an ki ka rekòmande pou yon moun ka vin konnen e patisipe ladan l tou. Lè sa a, manb la ap gen pou l vin chache yon lèt envitasyon nan yon seyans enfòmasyon pou moun l ap rekòmande a, nan diresyon sèvis ak enfòmasyon an.

AKTIVITE KI PREVWA:
- Yon sit entènèt, ap kreye pou enfòme pi byen sou travay ki ap fèt la.
- Envitasyon: Chak manb Koalisyon an gen dwa envite lòt moun vin nan mouvman an daprè jan sa fikse.
- Selebrasyon, ou komemorasyon: chak fèt nasyonal ou dat enpòtan ap toujou selebre