KONTRA ANGAJMAN AK SÈMAN SOLANÈL
Mwen menm, (non w), rekonèt jodi a ke m ap antre oswa m ap renouvle pozisyon m nan K.S.R. Mwen deklare ke mwen li, mwen konprann, epi mwen aksepte san fòse tout kondisyon, sanksyon, ak devwa ki makonnen ak sèman mwen an.
1. ANGAJMAN SIBÒDONE (Lwayote ak Aksyon)
"Mwen, [Non ou], kanpe devan lidèchip KSR la, ak pwòch mwen yo. mwen sèmante sou onè mwen ak diyite m. pou m mete disiplin K.S.R anwo tout santiman pèsonèl. Mwen rekonèt otorite siperyè m yo epi mwen pwomèt pou m egzekite misyon mwen ak presizyon. Mwen konnen ke silans se lò, epi tout sekrè Koalisyon an ap mouri nan mwen.
Mwen pran angajman pou m egzekite chak lòd ak direktiv san diskite, epi ak tout fòs mwen, toutotan yo respekte diyite atik Koalisyon an.
Mwen sèmante pou m pa janm trayi sekrè Koalisyon an, ni nan pawòl, ni nan aksyon. Si m ta rive fè sa, mwen dakò pou m sibi tout sanksyon ak rejè ki nan kòd moral K.S.R lan.
Nan absans mwen tankou nan prezans mwen, mwen se K.S.R. Mwen pwomèt pou m toujou respekte yerachi a, pou m pwoteje repitasyon siperyè m yo, epi pou m mete enterè Koalisyon an anwo pwòp tèt mwen."
2. ANGAJMAN SIPERYÈ (Direksyon ak Jistis)
"Mwen, [Non ou], kòm lidè nan K.S.R, mwen sèmante devan asanble a ak devan moun k ap swiv mwen yo. Pou m sèvi kòm yon plak pwotèj pou moun m ap dirije yo. Mwen pwomèt pou m pa janm sèvi ak pouvwa m pou m kraze yon frè oswa yon sè, men pou m toujou chèche grandè Koalisyon an nan jistis ak transparans.
Mwen pran angajman pou m pa janm mande yon sibòdone fè yon sakrifis mwen menm mwen pa prè pou m fè.
Mwen sèmante pou m dirije ak yon men fèm men ak yon kè ki jis. Mwen p ap gen patipri, mwen p ap nan kout ba , epi mwen p ap janm abize pouvwa m pou m kraze moun k ap sèvi Koalisyon an.
Mwen sèmante pou m se boukliye ekip mwen an. Si yonn nan nou anba atak, mwen anba atak.
Mwen pran responsablite pou m fòme nou, gide nou, epi mennen nou nan viktwa. Si m ta trayi konfyans nou, mwen aksepte pou m pèdi tit mwen ak respè mwen."
Mwen aksepte ke nenpòt mankman nan sèman sa a ap rann mwen responsab devan Tribinal Fratènèl K.S.R la. Mwen rekonèt dwa Koalisyon an genyen pou li pini m, sispann mwen, oswa mete m deyò si m ta trayi konfyans yo mete nan mwen an, jan sa prevwa nan tablo sanksyon yo.
Mwen sèmante ke okenn dokiman, estrateji, oswa konvèsasyon entèn K.S.R p ap janm soti deyò bouch mwen. Trayizon se sèl fot ki pa gen padon.
PRENSIP K.S.R, POTO VERITE POU SÈMAN AN
• Lwa Silans la: Tout sa ki di nan konsèy la mouri nan konsèy la. Trayizon se pi gwo krim nan K.S.R.
• Lwa Solidarite a: Yon manm ki tonbe se tout Koalisyon an ki tonbe. Nou leve ansanm, nou tonbe ansanm.
• Lwa Rezilta a: Nan K.S.R, pawòl pa sèvi anyen si pa gen aksyon. Chak manm dwe pote prèv li bay Koalisyon an.
Siyati Manm nan:
(Ekri non w ak siyati w)
________________________________________
Dat: ____ / ____ / 202__
Siyati Siperyè a:
________________________________________
Dat: ____ / ____ / 202__
Siyati Temwen/Lidè KRS:
(Pou valide angajman an)
________________________________________
Dat: ____ / ____ / 202__