SÈMAN ASYE AK SAN (KSR)
Yon sèl Pawòl, Yon sèl Kò,
Mwen [Non ou], kanpe tankou yon poto fèm devan tout asanble a. Mwen konnen pwa mo m ap pwononse yo, epi mwen aksepte ke jodi a, lavi m makònen ak KSR jouk nan zo. Si m trayi pawòl sa yo, se pou m vin yon "moun-san-valè" nan je tout moun.
Mwen sèmante ke pawòl mwen se yon kontra ki siyen ak san m. e bouch mwen pap janm sèvi pou twonpe, manipile, oswa sal verite a. Pou mwen, manti se yon kout kouto nan do òganizasyon an. Si m ta janm trayi konfyans nou pa mwayen riz oswa koutba, mwen deklare tèt mwen kòm yon lènmi. Mwen aksepte pou m pèdi tout dwa pou m pale, tout dwa pou moun koute m, pou yo rache tout respè mwen te genyen, pou yo make non m ak tenèb, epi pou m mache nan lari tankou yon moun ki pa gen lonbraj. Nan KSR, verite se sèl lè n ap respire; si m anpwazonnen l, mwen aksepte toufe ladan l pou kont mwen.
Mwen sèmante pou m respekte lalwa ak yerachi KSR san gade dèyè. Respè mwen se pa yon chwa, se yon devwa sakre. Mwen pwomèt pou m onore chak manm tankou pwòp san mwen. Manke dega se yon krim mwen pap janm komèt. Mwen pap janm gen odas montre awogans, ni montre manke respè pou prensip sakre nou yo, ni simen grenn divizyon oswa mepriz nan mitan nou. se pou m jwenn yon sanksyon ki san pitye, avan menm mwen tan vyole lwa sa yo. Mwen aksepte pou yo efase nom ak kòlè nan rejis onè a, dechire rad onè mwen sou mwen, mete m deyò nan baryè sekirite nou an, epi pou okenn manm pa janm lonje men ba mwen ankò, menm nan pi gwo mizè m.
Mwen sèmante ke lafwa mwen nan KSR pi fò pase laperèz mwen gen pou lanmò. Mwen kwè nan misyon nou an san dout, san pè, san rekil. Si m ta janm vann lwayote m pou yon moso lajan, si m ta janm panche bò kote lènmi nou yo, oswa si m ta janm vire do bay batay la lè l cho, mwen se yon trèt san non. Mwen aksepte pou memwa mwen efase nan listwa nou, pou pitit mwen wont pote non m, epi pou konsyans mwen tounen yon dife k ap boule m jiskaske m tounen sann.
"Mwen aksepte kòd sa a tankou yon chenn asye nan kou m. Si m kenbe l, se pou m monte nan somè onè a, e pou lavi louvri pòt reyisit lan pou mwen. Si m kase l, se pou tè a anfle anba pye m, pou m disparèt nan fènwa lawont ki pa gen fen. Depi jodi a, mwen se KSR, KSR se mwen. Se sèman m, se lavi m, se lanmò m. "